Lavwadlamerik  Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

TÌeks
Search


 

Ayiti:Arestasyon Youn Nan Pi Gwo Chèf Gang Kidnapè Kap Opere Nan Kapital la, Pòtoprens


25-06-2008
RepÌotaj Jean Pierre Leroy a - Telechaje (Real) audio clip
RepÌotaj Jean Pierre Leroy a - Koute (Real) audio clip

Lapolis Nasyonal peyi Dayiti poze men sou 2 sipoze gwo chèf gang kidnapè ak plizyè konplis yo kap fè dap-piyan sou moun e simaye dèy nan sosyete ayisyen an. Apre arestasyon Pierre Gascove, alyas Bobo, semèn pase a, pòtpawòl Polis Nasyonal la, Frantz Lerebours, fè konnen ajan polis yo arete Jean Elie Molière (ti Elie) ak Hans Germain (Tifrè) 2 eleman ki, dapre Lerebours, "tap fè lapli ak bon tan nan peyi a". Pòtpawòl Lerebours fè konnen lapolis poze omwen yon douzèn lòt arestasyon, patikilyèman, nan mitan gang Gascove tap dirije a. 

Jean Pierre Leroy genyen yon repòtaj sou tèm sa a.

Yon lòt kote, gwoup depite majoritè nan palman ayisyen an, Gwoup Konsiltasyon Palmantè Pwogresis yo, poko pwononse l' ofisyèlman sou nominasyon Michèle D. Pierre-Louis, nouvo kandidat prezidan René Préval deziye kòm pwochen chèf gouvènman ayisyen an. Depite Louis Marie Daniel di se "suspens" ki genyen sou pwen sa a... men li ajoute desizyon gwoup la pral chita sou respè konstitisyon an

Fè yon klik sou ralonj ki anlè atik la pou n' koute repòtaj Leroy ak deklarasyon depite Daniel la.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif VÌesyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Nouvo Premye Minis Ayisyen an, Michèle Pierre-Louis, Pale de Defi Ijan ki Devan Peyi a  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Michèle Pierre-Louis
Tanpèt Twopikal Hanna Pwovoke Inondasyon ann Ayiti  Audio Clip Available
Gouvènman Ayisyen an Mande Asistans Entènasyonal Apre Dega Siklòn Gustav ak Hanna  Audio Clip Available
Ayiti:Chanm Depite a Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye Michèle Pierre-Louis