Lavwadlamerik  Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

TÌeks
Search


 

Kominote Entènasyonal la Bat Bravo Pou Liberasyon 15 Otaj Nan Kolonbi


03-07-2008

Hostages freed from FARC rebels in Colombia during press conference, 02 Jul 2008
Otaj kolonbyen ki libere yo bay yon konferans pou laprès 2 Jiyè 2008 la
Lame Kolonbyèn libere politisyèn Ingrid Betancourt ak 14 lòt otaj, pami yo 3 ameriken, ke Fòs Ame Revolisyonè Kolonbi yo (FARC ) te kenbe nan kan sekrè yo genyen nan jeng  Kolonbi yo. Responsab yo fè konnen pa  genyen yon kout fizi ki tire pandan operasyon sekou sa a ki te kòmanse ak yon inite sèvis ransèyman kolonbyen ki te enfiltre rebèl FARC yo.

Madam Betancourt te anbrase manman l' nan ayewopò Bogota a  yon ti tan apre fòs sekirite kolonbyen yo libere li. Ansyen kandida-a-la-prezidans la, ki remèsye Bondye, rekonèt se yon mikak dèske li jwenn liberasyon n apre 6 zan.

Pou Minis defans kolonbyen an, Juan Manuel Santos, operasyon sa a reprezante yon gwo kou pou rebèl FARC yo. Li di, "Lanmò plizyè chèf rebèl ak plizyè lòt ki rann tèt yo montre ke gwoup la ap soufri, e Kolonbi fèt pou li kenbe presyon an."

Madam Betancourt ak 3 kontraktè ameriken yo te twouve yo pami 40 otaj gwo kalib ke rebèl yo te kenbe pou yo ka negosye boukantaj prizonye ak gouvènman kolonbyen an. Plizyè santèn lòt otaj toujou anba men geriya a. Ingrid Betancourt  di, gouvènman kolonbyen an ak patnè entènasyonal yo dwe kontinye travay pou liberasyon tout lòt otaj yo.

Pou  Eduardo Gamarra, Pwofesè nan Inivèsite Florida International University, operasyon sa a se yon gwo blo pou rebèl gochis yo. Pwofesè Gamarra di, sa montre 2 bagay : Premyèman FARC parèt vrèman an dezawa, e dezyèman sa bay yon ide sou nivo ak entansite preparasyon gouvènman kolonbyen an pou reyalize kou sa a.

Released hostage Ingrid Betancourt arrives at air base in Bogota, 2 Jul 2008
Ingrid Betancourt rive nan Bogota 2 Jul 2008
Lòt reaksyon ankò: Se fèt nan vil Pari nan peyi Lafrans apre Prezidan Nicolas Sarkozy te anonse nouvèl liberasyon an bay fanmi madan Betancourt ki nan peyi a. Pitit gason ansyen otaj la, Lorenzo Delloye Betancourt, deklare se pi bèl moman nan vi li.


Isit Ozetazini, Lamezon Blanch fè konnen Prezidan Bush te pale nan telefòn ak Prezidan kolonbyen an Alvaro  Uribe  pou felisite l pou oprasyon an.  

3  ameriken ki libere yo rive deja nan yon baz lame amerikèn nan Tegzas. Rebèl yo te kidnape yo an 2003 pandan yo tap mennen yon operasyon anti-dwòg.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif VÌesyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
OEA Ekzòte Kongrè Ameriken an Bay Imigran Ilegal Ayisyen yo Statu Pwoteksyon Tanporè Ozetazini

  Lòt Nouvèl
Kriz Kap Frape Sektè Finansye a o Zetazini ap Vin Pi Grav Chak Jou   Audio Clip Available
Reprezantan Unyon Ewopeyèn Deklare Ayiti ap fè Fas Ak Yon Sitiasyon San Parèy  Audio Clip Available
Bank Santral Ozetazuni e Atravè Lemond Bese To Enterè yo
USA: Dezyèm Deba Prezidansyèl la Pa Ede John McCain Dapre Sondaj yo  Audio Clip Available
Kesyon Doub Sitwayènte a Retounen Ankò Nan Chanm Depite Ayisyen an  Audio Clip Available
USA-Eleksyon: Senatè McCain ak Obama Ap Miltipliye Atak yo  Audio Clip Available
Lekòl Re-Louvri Nan Peyi dAyiti Nan Mitan Kriz Ekonomik  Audio Clip Available
Nòt Pozitif Pou Nouvo Gouvènman Ayisyen an Dapre Prezidan Sena a  Audio Clip Available
Kongrè Ameriken an Apwouve Plan Sovtaj 700 Milya Dola Gouvènman Bush la  Audio Clip Available