Lavwadlamerik  Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

TÌeks
Search


 

Venus Ak Serena Williams Ap Jwe Samdi Final Tounwa Tenis Wimbledon nan


03-07-2008

Venus Williams Celebrates Her Win in Istanbul
Venus Williams (foto achiv)

Amerikèn Venus ak Serena Williams ap rankontre nan final tounwa tennis senp medam yo nan vil Londres apre yo ranpòte demi final yo jedi 3 jiyè a. Venus, chanpyòn ane pase a e tèt de seri nimewo 7 ane sa a, ranpòte 8 nan 9 premye je yo pou l' elimine tèt de seri nimewo senk lan, rus Elena Dementieva an 2 sèt youn dèyè lòt (6-1, 7-6)

Serena, tèt de seri nimewo 6, elimine tou nan 2 manch chinwaz Zheng Jie sou yon skò ki sanble preske ak skò Venus la: 6-2, 7-6. Serena ak Venus rankontre 2 fwa deja nan final tounwa tennis Wimbledon nan (2002 ak 2003) e nan tou 2 okazyon yo se ti sè a, Serena, ki ranpòte laviktwa pou l' dekwoche twofe a.

Venus pran tit chapyòn Wimbledon nan 4 fwa nan karyè li, swa 2 fwa plis pase Serena. Nan quart de finale mesye yo, alman Rainer Schuettler kale an 5 manch fransè Arnaud Clément: 6-3, 5-7, 7-6, 6-7, 8-6. Schuettler pral kwaze rakèt ak espayòl Rafael Nadal.

Nimewo 1 mondya la suis, Roger Federer, dwe tope kòn li ak rus Marat Safin nan demi final.

 

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif VÌesyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Nouvo Premye Minis Ayisyen an, Michèle Pierre-Louis, Pale de Defi Ijan ki Devan Peyi a  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Michèle Pierre-Louis
Gouvènman Ayisyen an Mande Asistans Entènasyonal Apre Dega Siklòn Gustav ak Hanna  Audio Clip Available
Tanpèt Twopikal Hanna Pwovoke Inondasyon ann Ayiti  Audio Clip Available
Siklòn Gustav Fòse Pati Repibliken an Chanje Pwogram Konvansyon an  Audio Clip Available
Ayiti:Chanm Depite a Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye Michèle Pierre-Louis
Senatè McCain Chwazi Gouvènè Eta Alaska a Kòm Kandidat Pou Vis-prezidan.
Kandida Barack Obama Aksepte Nominasyon Pati Demokrat la
Senatè Barack Obama Ofisyèlman Kandida Pati Demokrat la.