Lavwadlamerik  Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

TÌeks
Search


 

Premye Minis Deziye, Michèle D. Pierre-Louis, Depoze Dokiman li Devan Palman an


04-07-2008
Korespondans Rotchild Franois Jr. a - Telechaje (Real) audio clip
Korespondans Rotchild Franois Jr. a - Koute (Real) audio clip

Apre plizyè jou atant, e apre yon dèle 24 trè, madan Michèle Duvivier Pierre-Louis, depoze vandredi 4 jiyè 2008 la dokiman li dwe soumèt komisyon ratifikasyon chanm depite a ki pral detèmine si wi ou non li reponn kondisyon pou l' okipe fonksyon premye minis peyi Dayiti pou
creole_carte_haiti
Kat jeografi Ayiti ak Repiblik Dominikèn
ranplase Jacques Edouard Alexis ke Sena a revoke depi plis pase 2 mwa.

Madan Pierre-Louis pat vle fè deklarasyon sou chans li pou l' antre nan Primatur la kòm dezyèm fanm ki pral genyen pou dirije yon gouvèman ayisyen antanke premye minis; premye a se te Claudette Werleigh. Men li fè konnen ke l' founi tout dokiman nesesè ki kapab pwouve palmantè yo konpetans li pou djòb la. Madan Pierre-Louisi menm fè remake, nap site "mwen menm founi yon ti kras plis dokiman pase sa konstitisyon an reklame". Korespondan nou, Rotchild François jr. te kapte deklarasyon premye minis prepoze a. 

Klike sou ralonj ki anwo atik sa a pou n' koute korespondans Rotchlid la.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif VÌesyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Nouvo Premye Minis Ayisyen an, Michèle Pierre-Louis, Pale de Defi Ijan ki Devan Peyi a  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Michèle Pierre-Louis
Gouvènman Ayisyen an Mande Asistans Entènasyonal Apre Dega Siklòn Gustav ak Hanna  Audio Clip Available
Tanpèt Twopikal Hanna Pwovoke Inondasyon ann Ayiti  Audio Clip Available
Siklòn Gustav Fòse Pati Repibliken an Chanje Pwogram Konvansyon an  Audio Clip Available
Ayiti:Chanm Depite a Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye Michèle Pierre-Louis
Senatè McCain Chwazi Gouvènè Eta Alaska a Kòm Kandidat Pou Vis-prezidan.
Kandida Barack Obama Aksepte Nominasyon Pati Demokrat la
Senatè Barack Obama Ofisyèlman Kandida Pati Demokrat la.