Lavwadlamerik  Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

TÌeks
Search


 

Amerikèn Venus Williams 5 Fwa Chanpyòn Wimbledon


05-07-2008

Venus Williams hits a backhand in her losing match against  Jelena Jankovic of Serbia at Wimbledon Saturday
Venus Williams nan Wimbledon ane sa a
Venus Williams genyen samedi senkyèm tit chanpyòn tounwa tennis Wimbledon nan (Londres, Grande Bretagne) gras ak yon viktwa 7-5 6-4 sou ti sè li, Serena, ki te byen derape pou yon nevyèm tit Grand Chelèm, men ki lese chans li al' bwa chat lè li penyen lage devan nouvo chanpyòn nan alòske li tap mennen 4-3 nan premye sèt la.

"Mwen pa rive kwè se sekyèm tit chapyòn mwen. Serena te tèlman jwe byen, se te yon gwo tès", deklarasyon Venus apre match la.

Serena, poutan, te demare rankont lan pi byen pase Venus, puiske li tap mennen nan premye manch lan 3/1. Apre 2 je plen agresivite kay tou de konkirant yo, Venus rejwenn sèvis li a 4-3 e koumanse kontre atak Serena yo pou l' repran match la nan men nan pwochen je a. Skò premye sèt la: 7-5. 

Nan dezyèm sèt la, Serena te eseye ranvese sitiasyon an, men detèminasyon Venus, te fini pa kraze rezistans advèsè a e ede l' repran avantay la nan pwochen je a sou premye okazyon li te jwenn pou l' "break" Serena. 

2 fot Serena, youn deyè lòt, sou pwòp sèvis li, pèmèt  gran sè li a ki tap mennen 5-4 ranpòte tit chanpyòn Wimbledon 2008 la, 2 ane youn dèyè lòt e pou yon 5èm fwa.

Nan final doub medam yo, Venus et Serena Williams kale amerikèn Lisa Raymond ak ostralyèn Samantha Stosur, 6-2, 6-2 pou yo pran koup la.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif VÌesyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Komisyon 2 Chanm Palman Ayisyen an San Jou pou l' Remèt Rapò l' Sou Eskandal Lajan Dwòg Port-de-Paix a  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Izrayèl Sispann Konba yo Pou twazèdtan Chak Jou Pou Gaza Ka Resevwa Asistans Imanitè
Demach Diplomatik Ap Miltipliye Pou Jwenn Yon Seselfe Nan Gaza  Audio Clip Available
Jn-Claude Duvalier Voye Yon Mesaj Bay Pèp Ayisyen an  Audio Clip Available
Envazyon Israelyèn Nan Gaza: Sòlda Tsahal yo Antre Samdi Sou Tèritwa Palestinyen an
Ann' Ayiti, Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis Fè Bilan Ane 2008 la  Audio Clip Available
Pi Gwo Defi Pou Ayisyen Ozetazini, Canada e Repiblik Dominikèn Pandan 2008 la  Audio Clip Available
Prezidan René Préval Predi Yon Ane Difisil Pou Ayiti  Audio Clip Available