Lavwadlamerik  Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

TÌeks
Search


 

Senatè McCain Chwazi Gouvènè Eta Alaska a Kòm Kandidat Pou Vis-prezidan.


29-08-2008

Kandida alaprezidans, John McCain, chwazi yon dam moun pa finn konnen twò byen Ozetazini---gouvènè Alaska Sarah Palin---kòm kandidat alavisprezidans Pati Repibliken an.
Republican presidential candidate, Sen. John McCain, hugs Republican Alaska Gov. Sarah Palin as McCain announces her as his vice presidential running mate, 29 Aug 2008
Kandida Repibliken alaprezidans Senatè John McCain ap bay akolad ak gouvènè repibliken Alaska a,  Sarah Palin, ke l' chwazi kòm kandida pou visprezidan
McCain anonse chwa li vandredi 29 out devan yon foul patizan ki tap patisipe nan yon ransanbleman nan Dayton, Eta Ohio, 4 jou anvan Konvansyon Nasyonal Pati Repibliken an. 

Msye McCain konsidere madam Palin kòm ¡§kolistye li bezwen pou plas visprezidan an, yon bon patnè ki genyen bon jan prensip, espri konbatif e ki chaje ak konpasyon. M'sye McCain di: li genyen anpil entegrite; li gen bon sans... ansanm ak yon devosyon fawouch pou byen komen tout moun...e se ekzateman sa nou bezwen nan Washington jounen jodi a.

Se premye fwa yon fanm figure sou tikè Pati repibliken an kòm kandidat alavis-prezidans. Palin, 44 tran, sou premye manda li kòm gouvènè Eta Alaska; li se yon konsèvatè ni sou kesyon sosyal ni sou kesyon ekonomik. 

Seleksyon Sarah Palin--yon kandidat moun pa konnen byen nan peyi a, rive sanzatann. Li marye e¡¦l genyen 5 pitit. Palin prezante¡¦l kòm yon refòmatè ki pa renmen politik jis pou l¡¦ fè politik. 

Gouvènè Palin deklare "pèp ameriken an bezwen lidè politik ki ka leve kanpe kont statu-quo pou sèvi enterè komen sitwayen yo".

Rival demokrat msye McCain nan, Barack Obama, kritike chwa gouvènè Palin nan; li deklare
Democratic US presidential nominee Barack Obama waves to the crowd on day four of the Democratic National Convention in Denver, 28 Aug. 2008
Kandida demokrat Barack Obama kap salye foul la apre li finn aksepte nominasyon Pati li a nan Denver, Eta Colorado, 28 out 2008 la
McCain chwazi ansyen ¡§majistra  kominal yon ti vil 9 mil abitan ki pa ki pa gen okenn eksperyans nan politik etranj表. 

Desizyon senatè Mc Cain nan tonbe mwenske 24 trè apre senatè Eta Illnois Barack Obama te aksepte nominasyon Pati Demokrat la nan yon diskou devan 80 mil moun ki te reyuni nan yon stad football an plen-nèr. 

Diskou sa a mete fen nan Konsvansyon pati a ki te kòmanse lendi pase. Se ak yon eksplozyon aplodisman foul la te reyaji lè msye Obama tounen --a 47 tan-- premye Nwa ameriken ki aksepte nominasyon youn nan 2 pi gwo pati politik yo Ozetazuni pou pòs prezidan an.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif VÌesyon ou ka enprime

  Lòt Atik
Klike sou ralonj sa a pou plis detay sou kanpay elektoral Etazuni an
 
  Atik Prensipal
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm
Somè Finansye Wikenn Sa a Nan Repiblik Dominikèn  Audio Clip Available
Dominikani Refize bay Pitit kèk Ayisyen Sitwayènte Dominikèn  Audio Clip Available
Ayiti-Yon Elikoptè Tonbe E Touye Tout Moun Ki te Abo l'  Audio Clip Available
Obama Sanble Ap Konsidere Senatè Hillary Clinton Pou Pòs Sekretè Deta a