Lavwadlamerik  Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

TÌeks
Search


 

Ayiti:Chanm Depite a Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye Michèle Pierre-Louis


30-08-2008

[insert caption here]
Michèle D. Pierre-Louis

Depite ayisyen yo vote anfavè deklarasyon politik jeneral premye minis ratifye Michèle Duvivier Pierre-Louis.

Apre yon sesyon marathon 9 vè 40 minit, palmantè yo apwouve enonse politik jeneral madan Pierre-Louis a avèk 70 vwa pou, 1 kontak 8 ki asteni yo. 

Manm nouvo kabinè ministeryèl la ki te prezan nan asistans lan bat bravo e felisite madan Michèle Duvivier Pierre-Louis pou viktwa sa a li ranpòte nan chanm bas palman ayisyen an.

Kounye a, premye minis ratifye a dwe jwen apwobasyon Sena a, dènye etap pwosesus ratifikasyon manch long sa a anvan l' koumanse mete an'aplikasyon politik gouvènman li an antanke pemye minis total-kapital (effective, officielle).

Ayiti pa genyen yon chèf gouvèman fonksyonèl depi Gran Kò a te revoke premye minis Jacques Edouard Alexis nan mwa avril 2008 la apre yon seri manifestasyon kont lavichè ki te pran lavi omwen 6 moun, pami yo yon sòlda mentyen lapè Minustah (Misyon Nasyonzini Stabilizasyon Ayiti).

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif VÌesyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Komisyon 2 Chanm Palman Ayisyen an San Jou pou l' Remèt Rapò l' Sou Eskandal Lajan Dwòg Port-de-Paix a  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Izrayèl Sispann Konba yo Pou twazèdtan Chak Jou Pou Gaza Ka Resevwa Asistans Imanitè
Demach Diplomatik Ap Miltipliye Pou Jwenn Yon Seselfe Nan Gaza  Audio Clip Available
Jn-Claude Duvalier Voye Yon Mesaj Bay Pèp Ayisyen an  Audio Clip Available
Envazyon Israelyèn Nan Gaza: Sòlda Tsahal yo Antre Samdi Sou Tèritwa Palestinyen an
Ann' Ayiti, Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis Fè Bilan Ane 2008 la  Audio Clip Available
Pi Gwo Defi Pou Ayisyen Ozetazini, Canada e Repiblik Dominikèn Pandan 2008 la  Audio Clip Available
Prezidan René Préval Predi Yon Ane Difisil Pou Ayiti  Audio Clip Available