Lavwadlamerik  Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

TÌeks
Search


 

USAID Ajoute 9 Milyon Dola Sou Asistans li Pou Ayiti Pou Ede Peyi Fè Fas ak Dega Siklòn yo.


17-09-2008
NouvÌel Jounen 17 Septanm 2008 la --telechaje - Telechaje (Real) audio clip
NouvÌel Jounen 17 Septanm 2008 la --telechaje - Koute (Real) audio clip

[insert caption here]
Premye Minis Pierre-Louis


 Ann Ayiti, Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis rankontre yè Madi 16 septanm 2008 la, avèk yon komisyon Chanm Bas la pou yon chita-tande sou fason gouvènman an ap jere sitiyasyon malouk siklòn kreye nan peyi a. Daprè prezidan komisyon finans Lachanm nan, depite Marcel Lumeran, rankont la dewoule tou sou bidjè nasyonal peyi a.

 

[insert caption here]

 Yon lòt kote, nan menm jounen madi a, direktris Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal (USAID), Henrietta Holsman Fore, te fè yon vizit kèk èdtan nan Pòtoprens kote li anonse ajans l ap dirije a ofri Ayiti yon prè dijans 9 milyon dola pou ede peyi a fè fas ak dega siklòn yo koze. Nan lajan sa a, 7 milyon pral sèvi pou pèmèt popilasyon an jwenn plis pwovizyon (manje, dlo potab, dra, elatriye) tandiske 2 milyon prale nan rekonstriksyon wout ak pon.
Lajan sa a se yon diplis kap ajoute sou 24 milyon 300 mil dola USAID ofri Ayiti pou ane fiskal 2008 la. 

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo.


emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif VÌesyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Komisyon 2 Chanm Palman Ayisyen an San Jou pou l' Remèt Rapò l' Sou Eskandal Lajan Dwòg Port-de-Paix a  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Izrayèl Sispann Konba yo Pou twazèdtan Chak Jou Pou Gaza Ka Resevwa Asistans Imanitè
Demach Diplomatik Ap Miltipliye Pou Jwenn Yon Seselfe Nan Gaza  Audio Clip Available
Jn-Claude Duvalier Voye Yon Mesaj Bay Pèp Ayisyen an  Audio Clip Available
Envazyon Israelyèn Nan Gaza: Sòlda Tsahal yo Antre Samdi Sou Tèritwa Palestinyen an
Ann' Ayiti, Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis Fè Bilan Ane 2008 la  Audio Clip Available
Pi Gwo Defi Pou Ayisyen Ozetazini, Canada e Repiblik Dominikèn Pandan 2008 la  Audio Clip Available
Prezidan René Préval Predi Yon Ane Difisil Pou Ayiti  Audio Clip Available