Lavwadlamerik  Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

TÌeks
Search


 

Premye Minis Michèle Pierre-Louis Anonse yon Ogmantasyon nan Efektif Fòs Polis la


19-09-2008
NouvÌel pou Jounen Vandredi 19 Septanm 2008 la--telechaje - Telechaje (Real) audio clip
NouvÌel pou Jounen Vandredi 19 Septanm 2008 la--telechaje - Koute (Real) audio clip

haiti.flag 150.jpg

     Ann Ayiti, Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis anonse posiblite pou gouvènman n nan ogmante efektif fòs polis la, pou enstitisyon an kapab pi byen satisfè bezwen pèp la nan domèn sekirite a. Nouvo chèf gouvènman peyi Dayiti a fè anons sa a nan moman li t ap inogire yon nouvo sant dakèy pou kò polis la.

     Yon lòt kote, Lakwa Wouj Ayisyèn ap kontinye travay pou l pote èd bay viktim siklòn ki te frape peyi a nan semèn ki pase yo. Kijan distribisyon asistans la ap dewoule? Eske ekip sekouris yo rive nan zòn ki te izole akoz move kondisyon wout yo e menm absans tout mwayen deplasman? Se kesyon sa yo nou poze Doktè Guiteau Jean-Pierre, direktè egzekitif nan Lakwa Wouj Ayisyèn.

            Anfen, yon lòt kesyon moun ap poze depi kèk tan ann Ayiti : Eske lòm ayisyen pa genyen yon gwo pa responsablite nan sitiyasyon peyi a ap viv jounen jodiya nan Gonayiv, Kabarè e lòt rejyon kote siklòn yo fè gwo ravaj ak anpil viktim ? Nou genyen opinyon ekolojis Philippe Léon, manm fondatè « Fondasyon Segen ». 

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman souvèl sa yo.

 


emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif VÌesyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm
Somè Finansye Wikenn Sa a Nan Repiblik Dominikèn  Audio Clip Available
Dominikani Refize bay Pitit kèk Ayisyen Sitwayènte Dominikèn  Audio Clip Available
Ayiti-Yon Elikoptè Tonbe E Touye Tout Moun Ki te Abo l'  Audio Clip Available
Obama Sanble Ap Konsidere Senatè Hillary Clinton Pou Pòs Sekretè Deta a