Lavwadlamerik  Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

TÌeks
Search


 

Yon Ranmase sou Efò Sekou yo ann Ayiti kèk Semenn aprè Pasaj Siklòn yo


20-09-2008
Ayiti - Operasyon Sekou AprÌe SiklÌon yo---telechaje - Telechaje (Real) audio clip
Ayiti - Operasyon Sekou AprÌe SiklÌon yo---telechaje - Koute (Real) audio clip

      
[insert caption here]

         Pandan semèn sa a, Ayiti resevwa vizit administratris USAID (Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal la), Henrietta Holsman Fore, ki t al Pòtoprens pou l demontre apui Lèzetazini pou Ayiti apre pasaj plizyè gwo mote tan ki fè anpil viktim nan peyi a. Madam Holsman Fore anonse Washington pral ajoute yon afè de 9 milyon dola sou èd li ane sa a pou Ayiti kòm asistans ki lye dirèkteman ak dega dènye siklòn yo. An plis administratris USAID a, anbasadè ayisyen an nan Washington, Raymond Joseph, pale nou tou de kèk lòt aspè koutmen Lèzetazini ap bay Ayiti e de mouvman ki sou pye nan dyaspora a pou ede viktim siklòn yo.
 
          Lakwa Wouj Ayisyèn, ki mete ansanm ak patnè li yo ann Ayiti e a letranje, kontinye fè efò pou ede viktim siklòn yo. Daprè kontak VOA pran ak responsab enstitisyon an, èd rive kounyela a nan anpil zòn ki te izole akoz wout ak pon ki kraze, oubyen akoz absans tout mwayen deplasman. Direktè egzekitif Kwa Wouj la, Doktè Guiteau Jean-Pierre, di nou responsab yo jwenn bon jan repons ak reyaksyon pozitif aprè apèl yo te lanse pou mande Ayisyen patisipe nan yon kanpay nasyonal pou ede viktim yo. Daprè Doktè Jean-Pierre, dyaspora a pa rete endiferan; pa egzanp, divès delegasyon sòti tou patou o Zetazini pou pote apui bay mouvman asistans sa a.

Etang de Miragoane, Haiti 17 Sep 2008
Letan Miragwàn debòde -17 Sep 2008
     Eske lòm ayisyen patisipe nan degradasyon anviwonnman nan peyi li, ki fè l si fasil konsa pou Ayiti viktim, pou gen gwo dega ak anpil viktim chak fwa move tan pase sou peyi a? Doktè Guiteau Jean-Pierre ak ekolojis Philippe Léon ¡Vmanm komite direktè Fondasyon Segen¡X reponn kesyon sa a. Misye Léon di nou mouvman ekolojis tankou òganizasyon pa l la pa dekouraje, malgre dega move tan yo koze divès kote ann Ayiti montre gen anpil gwo travay ki pou fèt toujou pou chanje sitiyasyon an.

Klike sou lyen anlè a pou w tande devlopman nouvèl sa yo.

 

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif VÌesyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Komisyon 2 Chanm Palman Ayisyen an San Jou pou l' Remèt Rapò l' Sou Eskandal Lajan Dwòg Port-de-Paix a  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Izrayèl Sispann Konba yo Pou twazèdtan Chak Jou Pou Gaza Ka Resevwa Asistans Imanitè
Demach Diplomatik Ap Miltipliye Pou Jwenn Yon Seselfe Nan Gaza  Audio Clip Available
Jn-Claude Duvalier Voye Yon Mesaj Bay Pèp Ayisyen an  Audio Clip Available
Envazyon Israelyèn Nan Gaza: Sòlda Tsahal yo Antre Samdi Sou Tèritwa Palestinyen an
Ann' Ayiti, Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis Fè Bilan Ane 2008 la  Audio Clip Available
Pi Gwo Defi Pou Ayisyen Ozetazini, Canada e Repiblik Dominikèn Pandan 2008 la  Audio Clip Available
Prezidan René Préval Predi Yon Ane Difisil Pou Ayiti  Audio Clip Available