Lavwadlamerik  Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

TÌeks
Search


 

Lekòl Re-Louvri Nan Peyi dAyiti Nan Mitan Kriz Ekonomik


06-10-2008
NouvÌel Ayiti Pou Lendi 6 OktÌob la - Telechaje (MP3) audio clip
NouvÌel Ayiti Pou Lendi 6 OktÌob la - Koute (MP3) audio clip

 

haiti.flag 150.jpg

Men kèk nan prensipal nouvèl jounen an :

Plizyè santè n milye adolesan ayisyen pran chimen lekòl jodi lendi 6 oktòb la,  kèk semèn apre ouragan te fòse responsab yo ranvwaye ouvèti ofisyèl ane skolè a. Korespondan nou Rotchild François Junior fè konnen Minis Edikasyon Nasyonal la rekonèt difikilte paran yo rankontre nan moman sa a.

Premye Minis ayisyen an, Michèle Duvivier Pierre-Louis fè konnen se responsabilite gouvènman an pou l rekonstwi peyi a. Korespondan nou Montigène Sincère gen deklarasyon chèf gouvènman an.

Otorite ayisyen yo kontinye ap degaje-yo kou Mèt Jan-Jak pou pote asistans bay popilasyon ki sinistre depi pasaj dènye siklòn yo. Nan Plato Santral, gen divès operasyon ki sou pye. Dabò, nou pral nan vil Hinche ak korespondan-nou Sainlus Augustin. Epi, nan Mirebalais, Jean Christophe Collegue  di nou yon òganizasyon prive kòmanse distribye asistans bay andikape fizik yo.

Anfen, yon palmantè ayisyen mande responsab agrikòl yo pou asiste fèmye yo apre move tan ki sakaje peyi a. Wilson Dubuisson gen nouvèl sa a depi vil Boston.

Ou ka koute tout repòtaj sa yo si ou fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif VÌesyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Komisyon 2 Chanm Palman Ayisyen an San Jou pou l' Remèt Rapò l' Sou Eskandal Lajan Dwòg Port-de-Paix a  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Izrayèl Sispann Konba yo Pou twazèdtan Chak Jou Pou Gaza Ka Resevwa Asistans Imanitè
Demach Diplomatik Ap Miltipliye Pou Jwenn Yon Seselfe Nan Gaza  Audio Clip Available
Jn-Claude Duvalier Voye Yon Mesaj Bay Pèp Ayisyen an  Audio Clip Available
Envazyon Israelyèn Nan Gaza: Sòlda Tsahal yo Antre Samdi Sou Tèritwa Palestinyen an
Ann' Ayiti, Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis Fè Bilan Ane 2008 la  Audio Clip Available
Pi Gwo Defi Pou Ayisyen Ozetazini, Canada e Repiblik Dominikèn Pandan 2008 la  Audio Clip Available
Prezidan René Préval Predi Yon Ane Difisil Pou Ayiti  Audio Clip Available