Lavwadlamerik  Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

TÌeks
Search


 

Bank Santral Ozetazuni e Atravè Lemond Bese To Enterè yo


08-10-2008

Fed Chairman Ben Bernanke before the Joint Economic Committee of Congress, 24 Sep 2008
Prezidan Bank Santral Etazini an, Ben Bernanke
Bank Santral atravè lemond redui to enterè yo, nan kad yon aksyon kowòdone pou evite yon resesyon mondyal. Rediksyon to enterè yo rive nan moman Fon Monetè Entènasyonal (FME) fè konnen ekonomi mondyal la ap antre nan yon ¡§peryòd gwo bès¡¨ e lap fè fas ak chòk ¡§pi danjere¡¨ mache finansye peyi devlope yo janm anrejistre depi ane 30 yo.

Se mèkredi maten, bank santral Etazuni an, Rezèv Federal-la, anonse li bèse to enterè li yo. Bank Santral Ewopeyèn nan, ak Bank Santral nan Lagrand Bretay, Kanada, Lasuis, Lasuèd ak Lachin anonse tou ke yo redui to d¡¦enterè yo. 

Premye-Minis britanik la, Gordon Brown, deklare aksyon
U.S. Treasury Secretary Henry Paulson, 08 Oct 2008
Minis Finans Etazini an, Henry Paulson, 8 Okt 2008
kowòdone sa a se yon ¡§siyal enpòtan¡¨ ki fè wè lemond pral kolabore pou chache solusyon pwoblèm ekonomik yo. Bò kote pa li, sekretè Trezò Etazuni-an (konprann minis finans lan) Henry Paulson deklare efò ki sou pye pou soulaje pwoblèm kredi yo ap mache rapidman.

AKT. PAULSON:

Nou se yon nasyon puisan e rich ak resous ki ka ede n' fè fas ak defi nou genyen devan nou yo. Mwen gen konfyans ke, avèk bon politik-la, avèk tan e avèk jèfò, nou pral simonte defi sa yo tou.

                        (FEN AKT)

Msye Paulson fè konnen tou ekip espesyalis ki pral travay sou plan 700 milya dola gouvènma-an---plan ki vize achte nan men enstitisyon finansyè yo move prè ipotekè yo te fè---pral sou plas anvan fen semèn nan e yo kapab koumanse achte move prè yo nan 2 semèn.  

  

                 

 

 

                    

 

 

 
      

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif VÌesyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm
Somè Finansye Wikenn Sa a Nan Repiblik Dominikèn  Audio Clip Available
Dominikani Refize bay Pitit kèk Ayisyen Sitwayènte Dominikèn  Audio Clip Available
Ayiti-Yon Elikoptè Tonbe E Touye Tout Moun Ki te Abo l'  Audio Clip Available
Obama Sanble Ap Konsidere Senatè Hillary Clinton Pou Pòs Sekretè Deta a