Lavwadlamerik  Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

TÌeks
Search


 

La Justis Kondane yon Ansyen Atlèt Ameriken


10-10-2008

  

Atletisme

Ansyen kourè ameriken e ansyen detantè reko du mond Tim Montgomery kondane pou l pase 5 kan prison pou posesyon kokayin.

Ansyen atlèt la te plede koupab an Juyè pase a pou posesyon plis pase 100 gram kokayin ak entansyon pou l te vann li nan eta Virjini.

Montgomery ap komanse purje pè n nan apre li finn konplete 4 tran prizon nan New York pou frod bankè ak blanchiman lajan. Gen 10 lot moun kit e enplike nan aktivite illegal yo pami yo ansyen rè n atletis ameriken Marion Jones ki sot pase 6 mwa prizon pou tèt li te bay otorite federal yo manti sou wol li ta jwe nan yon eskandal steroyid.

Komite Olenpik Entènasyonal la pran tout meday pandan yo efase reko du mond atlèt yo te bat pandan karyè yo.

Baskètbòl/ Eròp

New Jersey Nets ranpote yon viktwa an pwolongasyon 100 a 98 devan Miami Heat nan kadyon match basketball NBA a ki jwe nan vil Pari. 2 ekip yo ap rankontre Dimanch nan vil Lond toujou nan kad toune anuèl NBA a oganize sou kontinan Eropeyen an pou fè publisite. Nan vil Berlen New Orleans Hornets ap rankontre Washington Wizards Madi avan yo rankontre nan Barselon an Espay.

 Foutbòl

Arjantin kale Gwatemala 2 a 1 nan chanpyona du mond football an sal la kap dewoule O Brezil.

Nan lig chanpyon KONKAKAF la D-C United rache yon nul 2 a 2 lakay Deportivo Saprissa epi Luis Angel Firpo rache yon nul 1 a 1 fas ak Pumas Unam.

Balon pral woule tout bon nan match kalifikatif koup du mond Afrik du Sud. Sou kontinan Eropeyen an La Frans ap rankontre Woumani. Nan KONKAKAF la Etazuni ap akeyi Kuba isit Washington, Salvador kont Ayiti nan Potoprens. Surinam ap akeyi Kosta Rika.Gwatemala ap akeyi Trinidad and Tobago. Jamayik kont Meksik nan Kingston epi Kanada ap fè yon kout pye lakay Honduras.

Gen anpil an je sou kontinan Eropeyen an la Swèd Portugal. Angletè, Itali, Lituani, Espay ak Ukrèn nan pozisyon pou yo ranpote la viktwa. Nan Amerik du Sud la Paragwe ap domine group la ak17 pwen devan Brezil ak Arjantin ki gen 13 pwen yo chak apre 8 rankont.

Tenis

Jwè tenis Japonè Kei Nishikon kalifye pou semi final tounwa tenis Stockholm nan malgre li pa tèt de seri. Nishikori kalifye apre Kwat Mario Ancic rale bak nan kar de final la.. Espayol Oscar Hernandez pat gen chans li menm. Msye tonbe devan Findlandè Jarkko Nieminen 6-1, 6-4.

Chilyen Fernando Gonzalez ak espayol Fernando Verdasco elimine nan kar de final tounwa tenis Otrich la. Gonzalez tonbe devan franse Gael Monfils 6-3, 7-6 epi alman Philipp Kohlschreiber kapote Verdasco 6-2, 6-3.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif VÌesyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm
Somè Finansye Wikenn Sa a Nan Repiblik Dominikèn  Audio Clip Available
Dominikani Refize bay Pitit kèk Ayisyen Sitwayènte Dominikèn  Audio Clip Available
Ayiti-Yon Elikoptè Tonbe E Touye Tout Moun Ki te Abo l'  Audio Clip Available
Obama Sanble Ap Konsidere Senatè Hillary Clinton Pou Pòs Sekretè Deta a